Ostrali: Plis pase 500 milyon zannimo deja mouri nan gwo ensandi dife yo

0 654

Ostrali___(TRiboLAND) Dapwè sit ostralyen News.com, univèsite Sydney estime ke chif ki fè eta de 480 milyon zannimo tankou swazo, reptile, ak mamifè ki te deja mouri nan gwo ensandi kap ravaje depi mwa Septanm dènye zònn Sidès peyi Ostrali, kapab ogmante akoz gwo fòt chalè ki gen pou ogmante samdi pwochen.

Genyen apepwè san trant lokasyon dife ki pa sispann pwopaje e bwile plis pase plizyè milyon ekta forè yo ki deja tounen sann e pousyè. Imaj ki sou rezo sosyàl yo ap montre kankouwou kap bat pou echape tèt yo afas baryè gwo flanm dife. 8,000 kowala ta deja mouri, se yon tyè nan popilasyon kowala kap viv nan Ostrali, dapwè Minis Anviwònnman an, Sussan Ley ki konfime ke chif reyèl ou anplè dega mòtalite bèt yo ap konplè se lòske dife yo diminye.

Leave A Reply