Pwesidan ameriken an menase pou lage chyen sovaj ak zàm dèyè pwotestatè devan Maison Blanche yo

358

Wachenntonn____(TRiboLAND) Donald Trump menase pou li voye “chyen ak bonjan zàm dèyè moun kap pwoteste pou lanmò George Floyd yo si tout fwa yo ta depase baryè sekirite ki deyò Maison Blanche lan, kote ke Ajan Sèvis Sekrè Etazini yo ap tann yo tankou tè sèk ki bezwen lapli.”

Nan yon tweet ke li fè apwè nwit pwotestasyon ak leve kont konpòtman bosal fòs polis atravè Etazini, pwezidan Trump sujere ke ajan Sèvis Sekrè Etazini yo deja an bandisyon pou kraze fe vyolans.

Trump deklare ke “ yo ranplase sekirite avangad yo avèk nouvo ajan tounèf pweske tankou maji. Depi se pwofesyonèl pou gwo foul moun, pa pwoche e pa pran chans travèse baryè a. Si yo te apwoche yo tap rankontre avèv chyen ki pi mechan e zam ke mwen poko janm wè. E se lè sa moun tap reyèlman blese o mwens. Anpil nan ajans sekrè yo tou senpleman ap tann pou aji.”

Comments are closed.