Me ki sa TRiboLAND konnen sou vag pwotestasyon ak vag vyolans kap vale teren atravè Etazini an

404

Nan Wachenntonn

  • Pwotestatè yo ap fwape 5 jou afilye akoz lanmò George Floyd, yon nwa american minote mouri apwè ke yon polisye blan mete jenou sou kou li pandan plis pase 8 minut.
  • Vag pwotestasyon pa sispann atravè Etazini depi asasinaj Floyd la.
  • Samdi swa kapital Etazini an te episant pwotestasyon yo, espesyàlman nan sou Park Lafayette pwèske anfas Maison Blanche lan, kote ke yon pakèt milye moun tankou, blan, muzilman, te reyini ansanm pou pwoteste. Yo tout tap chante “Black Lives Matter,” and “No Justice, No Peace”, “I can’t breathe.”
  • Manifestan yo travè baryè sekirite yo, voye boutèy dlo sou polis yo e lanse gwo slogan piman bouk kont pwezidan Donald Trump.
  • Pwesidan Donald Trump menase pou lage chyen ak zam dèyè pwotestatè yo si yo pèdi kat marenn yo nan travèse baryè sekirite maison Blanche lan.
  • Gouvènman depeche Gad Nasyonal Wachenntonn DC pou pote ranfò bay Polis lokal ak sèvis sekrè; polis te oblije itilize gas lakrimojènn pou repouse pwotestatè yo.
  • Pwemye pwotestasyon yo te deklentche yon jou apwè George Floyd, 46 lane, mouri apwè ke polisye Derek Chauvin peze kou Floyd ak jenou li pandan yon arestasyon nan Minneapolis.
  • Chauvin ki gen 44 lane, te jwenn arestasyon li yè Vandredi 29 me 2020 an e yo te responsabilize li kòm asasen Floyd.
  • Twa lòt polisye ki te pwezan nan moman arestasyon an kote ke yo tap viv dènye mo George te jwenn revokasyon yo tou men yo pa genyen pouswit legal.
  • Madanm Chauvin deside bay mesye divòs e mande pwoteksyon ak sekirite pou fanmiy li nan moman trajedi sa. Li pwezante senpati li a tout fanmiy Floyd la ke li fè eskiz, dapwè avoka li.

Plis pase yon ventènn eta atravè Etazini leve kanpe

  • Samdi swa, eta tankou California, New York, Texas, Massachussetts, Kentucky, Georgia, Illinois, Michigan, ak Washington pou nou site sa yo sèlman, yo tout te sou bennzeng yo.
  • Anpil gwo deplwaman solda Gad Nasyonal anrejistre nan divès eta. Apwè pwotestasyon, Gouvènè Texas la, Gregg Abbott te aktive Gad Nasyonal tou, nan yon nòt li te fè sòti, kote li di ke “Yo pap tolere vyolans avèk piyaj.”
  • Leta enpoze kouvwefe nan plis pase 30 vil tankou Chicago, Atlanta, Los Angeles, Seattle ak yon latriye lòt.
  • Nan New York, manifestan yo mache rive jous nan Harlem e yo bloke trafik la sou oto-wout ki mennen nan East River Manhattan’s, dapwè yon latriye rapòtè.
  • Nan pwotestasyon Vandredi swa ki te 29 me 2020, Depatman Polis nan New York fè plis pase 200 arestasyon.
  • Nan Nashville, Samdi swa polis enpoze yon kouvwefe djanm apwè ke pwotestatè yo mete dife nan Hotel de Ville la, dapwè yon sit entènèt Tennesse.

Pwotestasyon pèzib

  • Apa sitiyasyon vyolan sa yo, te genyen anpil lòt kote ki montre pwotestasyon pèzib san derapaj.
  • Nan Minneapolis, yon gwoup manifestan te pwofite ap netwaye plizyè ri ki te genyen anpil fatra ki se rezilta deblosaj kit e deklentche ant polis ak pwotestatè.
  • Byen bonè pandan jounen Samdi a, Gouvènè Minneapolis la, Tim Walz deklare ke pwotestasyon yo pa fokis sou trajedi George Floyd ankò, konsa, eta a mobilize Gad Nasyonal yo pou mete lòd nan dezòd. Desizyon sa te arive pran apwè gouvènè a te remake ke mouvman pwotestasyon yo pat bay tròp enpòtans a kouvwefe nan Minneapolis ak St. Paul; konsa, te genyen gwo lèse fwape ant polisye yo ak pwotestatè yo.
  • “Nou wè anpil enstitisyon ap pran dife. E mwen vle trè klè. Moun kap fè vyolans sa yo pa abite nan Minneapolis,” dapwè majistra Jacob Frey tap deklare bay Lapwès.
  • Trump deklare ke yo onore memwa George Floyd avèk dezonètete, dezòd, piyaj, ak anarchism.
  • Pandan li te nan Sant Espasyàl Kennedy nan Florid yè Samdi 30 me a, pwezidan Donald Trump deklare: “sa nou wè kap pase koulya nan lari divès vil nou yo pa gen anyen pou wè avèk jistis ak lapè.”
  • Ansyen pwezidan Barrack Obama deklare: “sa ki rive George Floyd la se pa yon bagay nòmal.”
  • Peyi Lachenn ak tout peyi Iran atravè yon tweet pwofite moke pwezidans Donald Trump lan ki te toujou ap denonse politik Lachenn nan Hong Kong. Iran tou pwofite griyen dan tou, e li raple Trump ke “Black Lives Matter” e “I can’t breathe”, (mwen pa ka respire) dènye mo George Floyd te repete yo avan li te trepase anba jenou Derek Chauvin, asasen Floyd la.
  • Senk jou pwotestasyon len dèyè lòt ke lemon ap konstate yon Etazini ki deja ap fè fas ak yon kowonaviris pichon ki pote anpil moun ale; yon chomaj kap moute balkon; e yon vag pwotestasyon ak dezobeyisans sivil ki makònen ak dife san parèy atravè tout peyi a.

Comments are closed.