Pòdpè : enstalasyon yon sit Kovid-19 nan lopital Imakile Konsepsyon an

443

Pòdpè____(TRiboLAND) Depi anviwon 3 mwa kote maladi kowonaviris la ap taye banda nan mitan popilasyon ayisyènn, nan pat janm genyen dilijans nan mitan otorite nòdwès yo pou te rive mete kanpe yon Sit Kovid-19 yon mannyè pou akeyi enfekte yo.

Kabann tou nèf byen ranje, pwòp pase anndan chato wayàl, oksijènn, yon espas vè e blan ki senbolize swenyaj medikal pat kite repòtè TRiboLAND yo endiferan jounen madi 23 jwen 2020 nan lopital Imakile Konsepsyon nan Pòdpè.

Selon responsab yo, enstalasyon Sit Kovid-19 sa tradwi volonte responsab MSPP ak lopital IMKO a pou akomode jan sa dwa sa yo ki enfekte anba kovid-19 la kap bay anpil kè sere nan depatman an.

Doktè Pierre ki se responsab seksyon ijans nan lopital la, fè konnen gen lòt demach ki antreprann yon fason pou rive mete kanpe espas adisyonèl pou akomode divès pasyan kap sòti nan kat kwen kadino depatman nòdwès la.

Genson HYPPOLITE TRiboLAND




Comments are closed.