Abitan nan Bèlè kontinye ap pran lanm: gang ame bwile kay, touye ak blese yon krèy inosan

291

09\19\2020

Bèlè, Pòtoprens____(TRiboLAND) Rezidans kap viv nan Bèlè pran yon lòt jounen chalè ak panik anba kout zàm gang ame sangwen yo jodi samdi 19 septanm 2020 an. Se yon lòt sitiyasyon tèrè pou popilasyon sa ki pa sispan subi atak anba je swa dizan otorite demi chèf yo.

Selon temwen, nèg ak zàm latroublay antre san onè anndan katye a; simen tèrè ak ensandye plizyè kay nan Ri Timas toupre Sent Kòn. “Sangwen G-9 an fanmiy ak alye yo tire nan tout direksyon e vide yon krèy moun atè ki arive swa mouri ou blese,” daprè Ti Syen, yon pitit katye Belè ki tap kriye nan telefòn nan moman li tap dekri bay TRiboLAND sitiyasyon latèrè rezidan yo tap viv jodi samdi a nan kapital la.

Nap raple, G-9 an fanmiy e alye ki se pwason kraze nan bouyon ak pouvwa Jovenel Moise la, achte Bèlè lajan kontan; ensandye ajoupa malere yo e retire lavi moun nenpòt ki lè lide yo di yo, tounen fè dive! Avan tèrè jodi samdi a, G-9 an Fanmiy e alye te mennen yo lòt atak sanglan kote ke yo te jwen konplisite jeep blende Polis Nasyonal la.

Comments are closed.