Alexande Galdèz jwen liberasyon li apwè 9 jou kidnapping

12/06/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Ansyen kolaboratè emisyon “Jounal Pwemye Okazyon” sou Radyo Televizyon Karaib avèk sègman “Ti Koze Nan Panyòl”, Alexander Galvèz jwen liberasyon li yè dimanch 5 desanm 2021 an.
Galvèz ki se yon jounalis ayisyen-dominiken ki afiche yon patriyotism visral pou peyi Dayiti, te kidnape anba grif gwoup gang sangwen “400 Mawozo” sou wout Malpas nan moman li tap travèse fontyè ant repiblik Dayiti-Dominikèn samdi 27 novanm 2021.
Galvèz libere kont ranson; li pami yon seri viktim de yon seri zak tèrib enstitisyon Radyo Televizyon Karaib la ap subi nan jou sa yo. Denye viktim nan se Doktè Makindi Guerrier (Mikwo Sante) ke bandi krible anba bal e ki nan yon eta ant lavi e lamò.






