Aprè 3 lane depi Erick Prospère te touye, boule kay peyizan yo, lavi ap eseye boujonnen timidman nan Lafag, selon Kasèk Tanissaint Joassaint.

Senlwi Dinò, Lafag, Ayiti______(TRiboLAND) Lafag se 6e Seksyon kominal Senluidinò, depatman Nòdwès, ki genyen plis pase 20 mil krityen vivan kap viv anndan’l. Nan lane 2022, Erick Prospère ansanm ak bandi parèy li te boule plis pase 200 kay peyizan answit touye yon bon valè inosan. Kidonk, se depi lè sa a, abitan yo oblije kite seksyon an pou y al pran refij yo nan komin Senlwi Dinò.
Apwè anpil peripesi, abitan yo kòmanse debake timidman nan seksyon an pou y’al fè jaden, men yo pa rete;
se yon touche tounen pwiske bitasyon yo te boule e yo pako gen mwayen ekonomik pou rekonstwi, selon temwanyaj Kowódonatè Kasek zòn lan, mesye Tanissaint Joassaint.
Kasèk la rapouswiv pou’l di, “Lafag te deja gen sou do li tout kalite mizèrere tankou :
pwoblèm wout: abitan yo ap pakouri plizyè kilomèt apye pou y’al vann pwodwi yo nan vil Senlwi Dinò, menm motosiklèt pa gen aksè ak zòn nan, tèlman wout yo enpratikab; abiitan yo pa jwenn bon dlo potab pou yo bwè; kanta sante pou peyizan yo al pran swenyay ak lekòl pou timoun yo, pa egziste ankò nan seksyon an akoz masak ak kraze bwize gang yo, sou direksyon chèf gang notwa, Erick Prospère tap kòmande anndan seksyon an. Sa ki te pirèd la, menm legliz yo te oblije fèmen pòt yo, pou jeneral Prospère pa’t fè ladènye sou yo”.
Kasèk seksyon an, Tanissaint Joassaint ki di li deja fè pelerinaj ni bò kote otorite nou yo nan Metwopól Nòdwès la, ni bò kote gwo chabrak Pòtoprens yo, malezman yon bal pa pati; konsa, li lage balon an nan pye Bondye lavi a, Jezi, moun Nazarèt yo.





