Pòdpè : Anbasadè Chine-Taiwan nan deklare yo pap finanse twonson wout Twarivyè/Lasalin nan pou Leta ayisyen.

08 – 14 – 2024
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Anbasadè Chine-Taiwan nan, M. Wen Jiann KU, deklare nan mikwo korespondan TRiboLAND nan vil Pòdpè ke yo pap finanse twonson wout ki sòti Twarivyè pou rive nan lopital OFATMA, nan lokalite Lasalin, 3 zyèm seksyon Polen/Lakòn.
Anbasadè a fè gwo deklarasyon sila a nan kad yon vizit espesyal li rann nan moman seremoni inogirasyon sant opitalo-inivèsitè a nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.
Kontrèman ak anpil enfòmasyon ki ta fè kwè peyi Taiwan taka bay 5 milyon goud pou finanse twonson wout Twarivyè pou kondwi nan lopital OFATMA a, pou Anbasadè a yo pa konnen ditou bagay konsa.







Se tap vrèman yon bèl travail si anbasadè te travay konsa
Men, mwen ta swete yon lòt lide pou wout sa
Fondasyon triboland nan Wo Moustik Byari
Elinès Vincent