Plizyè kagezon munisyon ak yon latriye zam otomatik sezi nan Pò Lafito

316

Pòtopwens___(TRiboLAND) Chèf pakè Pòtopwens lan, Mèt Jacques Lafontant nan yon interview vandredi 19 jwen an anonse ke yo arive poze lapat sou divès kès minusyon ak zam otomatik nan Pò pwive Lafito.

Gwo zam pa pakèt sa yo te arive antre nan peyi a san onè, san otorizasyon nan yon kontenè. Selon responsab la jistis yo, pwopwiyetè machandiz kriminèl sa yo ta sanble te gentan leve kouri pandan kek ti tan avan operasyon an. Yon ankèt deja ap manniganse pou arive jwenn e puni koupab yo.

Nap raple, operasyon Pò Lafito a te jwenn konplisite Komisè gouvènman Pòtopwens la, Mèt Jacques Lafontant, plizyè ajan dwànn ak DCPJ.

Comments are closed.