Eddy Jackson Alexis deklare ke dekrè Dèmalòg la ap gen pou korije pou gaf materyèl

404

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè nan kapital la sou Radio Vision 2000 jedi maten 18 jwen 2020, sekretè Deta Kominikasyon an, Eddy Jackson Alexis pote klarifikasyon sou dekrè Identification National Unique lan ki gen pou korije poutèt gaf materyèl yon fason pou repiblikasyon.

Selon sekretè Deta a, pwoblèm lan ta plis chita nan “nominasyon kat la.” Malerezman dekrè a pibliye, men koreksyon an ap gen pou pibliye yon lòt fwa ankò nan jounal ofisyèl “Le Moniteur.” Olye “Carte d’identification Unique” lap vini “Carte d’identification nationale.”

“Dèmalòg” ou “kat dèmalòg” se yon dosye ki deja susite anpil kontwovès anndan popilasyon ayisyenn.

Comments are closed.