Makiyaj edikatif nan Grandans!

402
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Pou kèk obsèvatè nan depatman Grandans lan, sistèm makiyaj koripsyon an, prezan sou tout fòm nan administrasyon piblik lan. Kòm ekzanp obsèvatè yo fè remake, nan nivo direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesionèl Grandans, chak politisyen reprezante pa yon direktè depatmantal oubyen yon asistan direktè.

Se ka direktè depatmantal Georges Barth, Waline Lamy, Marck Antoine Pierre Louis, plis pòs yon asistan direktè ki vid pou direksyon depatmantal edikasyon Grandans. Toujou selon obsèvatè yo, Leta ayisyen atravè trezò piblik yo, genyen obligasyon pou bay twa jiska kat direktè sila yo : machinn, gaz ak lòt privilèj ki mache ak fonksyon yo kòm direktè.

Diferan obsèvatè yo fè remake sa yo, nan yon moman majorite lekòl piblik yo ap fonksyone anba pye bwa, elèv ap chita sou wòch anba flamme solèy lapli, e menm pase yon jounen san manje.

Fas ak sistèm dap piyanp lan, politisyen tout plim, tout plimaj fè sante ekonomik yo ak politik yo nan mizè mas pèp lan nan elimine pwodiksyon agrikòl peyizan yo. Obsèvatè yo mande pou sosyete a, kale je yo nan plen 21èm syèk sila, jis pou fè echèk ak sistèm makiyaj edikatif sila ki fè plis mal ke byen atravè peyia, patikilyèman nan depatman Grandans.

Share:

Leave a reply