Envitasyon ULCC sou kòripsyon: Sèktè Demokratik la kanpe janm ak lidè AAA a

283

Pòdpè___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, jounen jedi 13 out 2020 an, Sèktè Demokratik la, nan Nòdwès, di l solidè ak ansye senatè Youri Latortue nan kad konvokasyon’l devan Inité de Lutte Contre Corruption (ULCC) sou dosye ONA.

Selon responsab FOSNOU (Fòs Nòdwès Uni), msye Paul Élie Faustin ak Pòtpawòl Sèktè Demokratik la, Pwofesè Mertilus Andalasse ansanm ak Kowòdonatè depatmantal AAA, (branch Nòdwès) Me Cadet Ductan, se yon zak entimidasyon pou fèmen bouch senatè Youri Latortue.

Resonsab sa yo kontinye pou di jiskaprezan ULCC pako janm konvenk yo. Y’ap santi yo konfótab, se lè yo wè ULCC rive touche e abòde plizyè dosye sansib tankou: dosye dèmalòg, Sofiday ak
Petrokaribe, pou n site sa yo sèlman.


Sektè Demokratik la rapousuiv pou di “lajan prè senaté Youri te fè nan ONA a, se pa pou l te gagote menm jan ak Prezidan Jovenel Moïse ki pa kapab founi pèp ayisyen an prèv sou kòb karavàn chanjman an; okontrè se nan “elvaj poul” li te envesti’l nan yon fèm k’ap pwodui plis pase yon mlye ze chak jou sou mache ayisyen an.

Responsab Sektè demokratik la nan Nòdwès mande pèp ayisyen an toujou rete mobilize paske nan jou ki pral vini la yo, pèp souvren an pral pran lari pou egzije prezidan Jovenel Moïse, kite pouvwa a 7 fevriye 202, Jan sa ekri nan Manman Lwa peyi a.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.