Lekòl Nasyonal Deside a nan yon sitiyasyon delporab

415

Pòdpè____(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès direktè lekòl NASYONAL DESIDE a, nan zòn Polen/Lakòn, komenn pòdpè, John Isma pwezante jounen jedi 18 jwen an sityasyon lamantab enstitisyon l’ap dirije a.

Depi apwè tranblemanntè 6-7 jiyè a, bagay yo venn anpire pou nou repete apwè direktè a: pa gen batiman, pa gen latrenn, pa gen dispansè, pa gen dlo e pou nou site sa yo sèlman.

Lekòl NASYONAL DESIDE zòn Polen/Lakònn

John Isma ki poko jiska prezan wè ni moute ni desann sou ouvèti lekòl la, pa sispann mande ki sa li pral fè pou resevwa elèv yo si tout fwa lekòl la ta louvri pòt li,

Yon lòt bò direktè Isma soulinye, swa dizan espas lap dirije a ki alafwa yon abwi pwoviswa ki daprè li menm “pa reponn ak nòm sekirite piblik yo.” Edikatè a avanse pou l di malgre tout demach ke li antreprann bò kote direktè depatmantal edikasyon an se kòm nad marinad.

Direktè a estime fòk ta genyen yon men leve ki fèt pwese pwese yon fason pou loje elèv yo nan yon milye ki pi apwopriye pou moun.

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.