Benyamin Netanyahu: “Izrayèl ap rapouswiv avèk fwap militè yo si lontan ke sa rekòmande”

503

05/16/2021

Jeruzalèm_____(TRiboLAND) Konsèy Sekirite ONU an ap reyi jodi dimanch 16 me 2021 an, alòske echanj koup zàm yo pa sispan ant bann Gaza avèk Izrayèl pandan tout nwit lan. Rezidans chèf Hamas la nan Gaza, (Yahia Sinwar) resevwa gwo fwap, alòske mouvman islamis yon lòt fwa ankò pa sispan lanse rokèt yo kont Izrayèl.

Afwontman yo kontinye ap pran jarèt e yo sou sizyèm jou; yon dizèn rokèt lanse pandan lanwit la sou Izrayèl, patikilyèman Tel-Aviv e pi fò nan yo arive entèsepte, dapwè yon travayè lapwès. Yon lòt bò, Izrayèl ap rapouswiv avèk fwàp aeryèn masiv yo kont rezo tunel Hamas la nan Gaza. Selon ministè Sante, genyen 17 palestinyen ki mouri anba fwàp izrayelèn yo pou jodi dimanch lan sèlman, sa bay yon total 174 moun ki mouri nan kan palestinyen yo depi lendi. Lanwit lan, lame izrayelyèn nan fè yon seri gwo atak nan Khan Younès nan zòn solèy leve Gaza. Konsa, rezidans pwemye minis Hamas la, Yahya Sinoua kraze.

Samdi, fwàp aeryèn izrayèl yo tap fè raj. Tsahal bonbade yon batiman 13 etaj ki te abrite ajans amerikèn “Associated Press’ ak “Al-Jazeera”. Hamas dwe regrèt ke li te pran chans tire yo rokèt sou Jeruzalèm. Plis nou demantle Hamas, se plis peryòd akalmi ke nou pwàl genyen”, selon pòt pawòl Tsahal la, ki refize bay konbyen tan afwontman yo ap dure. Eskalad vyolans yo te tèlman ap debòde, pwezidan Ameriken an, Joe Biden te oblije pale pou pwemye fwa avèk Benyamin Netanyahu nan yon ton fèm, dapwè yon seri kòmantatè izrayelyen ki estime ke Biden enkyèt sou limit operasyon izrayelyèn yo sitou apwè bonbadman gwo batiman Gaza ki loje biwo Ajans Pwès Amerikèn nan.

Reyinyon Konsèy Sekirite ONU a, pwàl genyen pou objektif evoke sitiyasyon konfli an dabò atravè minis Afè Lòt bò Dlo Inyon Ewopeyèn yo apati yon vizyonkonferans an ijans. Alòske Benyamin Netanyahu deklare ke afwontman yo ap rapouswiv si “lontan ke sa rekòmande”; sepandan, anpil efò ap fèt pou evite viktim sivil. “Kan ki dwe asume kilpabilite a, se pa nou menm, se sa yo ki atake nou an pwemye”, dapwè PM Benyamin Netanyahu.

Comments are closed.