Bank EntèAmerikèn Devlopman file bay Leta ayisyen plizyè milyon dola vèt pou sistèm edikasyon lan jarèt

936


05 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt Ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò pandan jounen vandredi 24 me 2024 la, fè konnen ke bank EntèAmerikèn Devlopman (BID) deja pare pou file bay Leta ayisyen anviwon 20 milyon dola vèt kou powo nan lide pou bay jarèt ak sistèm edikasyon an ki fin delabre depi kèk deseni.

Apwobasyon lajan sa a dapwè nòt Ministè a fè sòti nan dat mèkredi 22 me pase a, finansman magogo sa a pou Minis edikasyon an, Nesmy Manigat, pral pèmèt yo bay jarèt ak modènize sistèm fòmasyon ak jesyon edikasyon an nan peyi Dayiti.

N’ap raple’w nan dènye moman sa yo, malgre plizyè milyon goud gagote anba grif ansyen fonksyonè yo nan Leta, sa pa anpeche ti moun yo kontinye ale lekòl e ap resevwa ti moso edikasyon anba tonèl klise ak vye tòl kanni.

Comments are closed.