Yon ansyen konseye Donald Trump akize l dèske li te mande Lachenn pou ede l re-eli

363

Wachenntonn___(TRiboLAND) Yon liv ansyen konseye pou Sekirite nasyonal Donald Trump lage gwo vant panik nan Maison Blanche lan nan yon pwen yo vle anpeche li pibliye l.

Nan mwa jwen 2020 nan yon reyinyon pòt fèmen, Donald Trump te mande kòkòday li, lidè chinwa a, Xi Jinping pou ede l re-eli, dapwè sa ansyen konseye Sekirite nasyonal, John Bolton ekri nan kèk paj yon liv ki pibliye jedi nan Wall Street journal.

Dapwè John Bolton, pwezidan ameriken Donald Trump te solisite Xi Jinping nan yon reyinyon pòt fèmen. “Bwit sou kou, Trump kouri chanje konvèsasyon an sou pwochènn eleksyon pwezidansyèl la; li fè aluzyon sou potansyèl ekonomik chinwa a e mande Xi pou ede l ranpòte laviktwa”, dapwè sa John Bolton ekri. “Li soulinye ke agwikiltè ak vann chinwa yo plis soya ka genyen anpil enpòtans nan eleksyon an.”

Liv John Bolton lan, ansyen konseye Sekirite nasyonal la, bay Maison Blanche anpil chalè. Gouvènman Trump lan ap chèche tout mwayen pou anpeche aparisyon yon parèy liv. Dapwè, avoka ansyen konseye a, liv la ap gen pou sòti 23 jwen pwochen.

Li enpòtan pou sonje, pwezidan ameriken an, Donald Trump te revoke 10 septanm dènye a, youn pami konseye pwensipal li yo, John Bolton sou yon dezakò sou jerans plizyè dosye tankou Kore Dinò, Iran, Afganistan e Larusi.

Comments are closed.