SEMANAH koulya fè pati lis manm ki konpoze Association Internationale de Signalisation Maritime (AISM).

286

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon korespondans ke responsab AISM yo adrese 5 jwen 2020 an a direktè jeneral Sèvis Maritim ak Navigasyon Dayiti, Eric Prévost Junior, otorite AISM yo apwè yon chita tande apwouve adezyon SEMANAH kòm manm, dapwè Francis Zachariea,  ki te tou pwofite fè Mesye Prévost sonje patisipasyon aktiv SEMANAH nan komisyon teknik yo ak lòt aktivite òganizasyon an, se youn nan bagay ki trè vital.

Estatu manm SEMANAH ap gen pou renouvle otomatikman chak ane; sepandan si tout fwa ta genyen yon evantyèl demisyon nan AISM, yon lèt dwe soumèt a sekretè jeneral la pa pita ke 31 desanm ane avan ke desizyon sa antre an vigè.

AISM gen pou misyon kreye yon amonizasyon mondyàl nan kad ede navigasyon an kenbe pi djanm yon fason pou ka asure mouvman bato yo pi rapid e pi ekonomik. AISM pran nesans depi lane 1957 e li localize nan Saint-Germain-en-Laye, nan peyi Lafwans.

Comments are closed.