Fèt Manman:Plis pase 400 manman resevwa kado sou Inisyativ majistra Komin Basen Ble a, Anthony Manigat.

428

05/30/2021

Basen Ble, Nòdwès ____(TRiboLAND) Chak dènye dimanch mwa me se Fèt Manman. Se yon okasyon majistra Basen Ble a, Mesye Anthony Manigat, pa janm kite l pase sou silans san manifeste apwesyasyon neri ke l ap dirije a genyen pou manman yo nan komin nan.

Konsa, Fèt Manman pou ane 2021 an, randevou a te kase jodi dimanch apwèmidi 30 me 2021 an, anndan Lokal Radio Satellite, nan Basen Ble. Plis pase 400 manman ki te soti nan twa (3) Seksyon kominal Basenble, depatman Nòdwès te byen distrè yo. Aprè ke yo te fin manje vant deboutonnen, yo te resevwa vètman, souvètman ak kit alimantè ki genyen ladan lb ladan l : diri, farin, lwil ak pwa, dapwè Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin nan. Mesye Anthony Manigat di l gen 15 lane depi li inisye yon parèy kandjanwon “Fèt Manman” nan komin Basen Ble ak fòs ponyèt, san asistans oken otorite.

Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin Basen Ble, Anthony Manigat

Manman sa yo, ki te reponn prezan anndan fèt sila a, te pran wout lakay yo ak plizyè kado anba bwa yo. Konsa, yo te kontan pou yo te ekspwime kontantman yo. Yo tout t ap mande yon grenn bagay : “Se pou Bondye Lavi a toujou pwoteje premye sitwayen komin nan; se pou li toujou akonpanye l sou chimen saa ki toujou chaje ak pikan kwennan”. Manman benefisyè sa yo kontinye pou di “si otorite yo nan peyi isit te omwen panse ak yo chak ane, nan okazyon saa, manman k pi meprize anndan sosyete saa, ta rive rale yon souf.

Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè komin Basen Ble a, Mesye Anthony Manigat ki di l gen plis pase yon dizèn lane depi l antrepann yon tèl aktivite nan komin deklare, “menm si l pa ta la ankò, l ap kite lòd fòmèl pou Fèt Manman” ki se fèt ki pi bèl nan lemonn toujou egziste nan komin Basen Ble.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.