Vizit Direktè jeneral SEMANAH a “Eric Prévot Junior” nan zile Latòti

381

08/25/2020

Latòti_____(TRiboLAND) Yon delegasyon ki genyen nan tèt li Direktè jeneral SEMANAH a, Éric Prévot Junior, Delege depatmantal nòdwès la Sony Dodoille ak reprezantan direksyon pwoteksyon sivil nòdwès la, te reyini ansanm ak divès otorite lokal sou zile Latòti ak fanmi viktim nofraj bato Ancelita a 19 dawout pase a.

Objektif rankont sa a, rantre non sèlman nan kad sansibilizasyon men tou nan kad demach pou founi je gade fanmi viktim yo ak moun ki sòti vivan nan dram sila.

Délége depatmantal la kite pran lapawòl nan sikonstans la,felisite Prezidan repiblik la ak premyè Dam nan pou volonte ke yo manifeste pou pote èd bay fanmi viktim yo ak moun ki sòti sen e sof nan nofraj sila.

Yon lòt bò, DG SEMANAH a, felisite minis titèl li Joacéus Nader ak gouvènman lap sèvi a, pou jès yo rive fè ,lè yo bay 50.000 Gdes ak fanmi viktim yo e 10.000 Gdes ak moun ki sòti vivan yo oubyen reskape yo.

Pou fini, otorite lokal yo mande nan sans saa pou évite mwens dega rive fèt pou SEMANAH rive tout bon vre foure jel nan fason yap transpòte pasajè yo men tou mete disponib plizyè chaloup sovgad byen ekipe ki kapab sèvi ni nan bon tan ak lè gen ijans.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.