Divès malere kap travay sou pwojè rekonstriksyon wout Kafou Jòff – Ansafolè a menase kanpe travay

0 534

Gromònn___(TRiboLAND) Yon latriye travayè ki tap travay nan pwojè Rekonstriksyon Wout Kafou Jòff – Ansafolè ap bougonnen pou salè yo ke yo pa resevwa depi 14 mwa.

Chantye sa ki pran nesans nan kad pwomès elektoral pwezidan Jovenel Moise te kòmanse ak yon chalè ki tap pwomote Karavann Chanjman an nan Depatman Latibonit lan. Konsa, se te jwèt lamayòt! Travay yo te kanpe pou yon bon bout tan, alòske diferan teknisyen ki te soti nan diferan kwen nan peyi a te rete sou plas nan lavi di nan zònn Mònn Pil Boro, nan Gwo Mònn; e yo te menm oblije ap achte manje kwit kredi nan men ti machann ki sou wout chantye a.

Travayè sa yo ki te repwann travay apwè lèse fwape mouvman “peyi lock” la e ki poko janm touche depwi 14 mwa, reyalize ke gouvènman an ap pase yo nan farinn. Konsa, yo menase pou yo kanpe travay nan yon semènn si gouvènman Jovenel Moise la pa dekèse 14 mwa salè ke yo pa sispann pwomèt yo.

Sepa pwemye fwa travayè ki sou chantye Rekonstriksyon Wout Kafou Jòff – Ansafolè menase pou paralyze pwojè sa a kap bwete swa pou peye mendèv oubyen pou mete gaz nan ekipman yo.

Leave A Reply