Dèy nan fanmiy prezidansyèl la: yon kou tris pou Jovenel Moise

263

10\04\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Selon yon kominikasyon ki soti bò kote Biro Kominikasyon Prezidans lan, Papa Prezidan Repiblik la,  Jovenel Moise ki se Mesye Etienne Moise mouri nan rezidans prive li jodi dimanch 4 oktòb 2020 an, nan Madeline, Okap Ayisyen.

Jovenel Moise ak papa li, Etienne Moise

Mesye Etienne ki ta sanble pat jwi yon bon sante, te anpare anba yon malèz ki pat menm ba li chans kouri nan sal dijans. Li mouri ki te dèyè ezanp kouraj ak pèsèverans nan pran swen fanmiy li, selon kominike biro Kominikasyon Prezidans lan ki konfime ke se avèk anpil emosyon e tristès prezidan Jovenel Moise resevwa yon parèy nouvèl.

Paralèlman, fas ak yon parèy doulè ke sikonstans sa prezante, Chèf deta resevwa yon lavalas senpati toupatoupou li menm ak pou tout manm nan fanmiy prezidansyèl la ki andèy jounen jodi a.

Nap raple, sa genyen kèlke semèn premyè dam nan, Martine Moise te kondwi manman’l nan dènye demè li tou. Ke nanm Etienne Moise repoze nan lapè!

Comments are closed.