Arestasyon pwezime kriminèl ansyen depite Abwiko – Bomon a

198
0
Share:
TRiboLAND

04/10/2026

Abwiko, Batis, Ayiti________(TRiboLAND) Plizyè jou aprè zak asasinay ki te fèt sou ansyen depite Abwiko – Bomon an, Geffrad Étienne, chèf lòd yo ki tap chèche tankou chyen fou, finalman arive mete men nan pat kasav pwezime kriminèl, Bonel Jean Louis.

Antouka, tout glwa a se pou Bondyé avèk popilasyon an, ki te veyatif nan lokalite Batis ki te arive mete men sou Bonel e remèt li bay lapolis jodi vandredi 10 Avwil 2026 la, vè 3 zè apwemidi.

Nap raple, ansyen depite Abwiko – Bomon an, te jwen lanmò li, nan moman li tap danse rara nan okazyon semèn sent lan.

Share:

Leave a reply