Komite kòdinasyon kominal òganizsyon Tèt kole Tipeyizan Ayisyen, òganze yon rankont pou reflechi sou konjonkti politico-sosyo-ekonomik aktyèl peyi Dayiti a.

1,301

11-07-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdinasyon kominal òganizasyon Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen (TK) reyalize yon rankont jounen samdi 5 novanm 2022 an, nan objektif pou diskite sou remanbreman òganizasyon an, answit reflechi sou sitiyasyon aktyèl peyi Dayiti kap depafini jounen jodi a.

Aprè diskisyon yo, yo rive dekouvri se kominote entènasyonal la ki otè entèlektyèl kriz peyi a ap konnen depi yon bon bout tan. Se ensatisfaksyon yo de tout mal yo fè peyi a yap pwofite lòt koulwa toujou pou yo ramase tirès richès kite rete nan peyi a.

Yo kritik Premye Minis defakto a kritike Ariel Henri ak akolit li yo ki pa fè anyen pou lekòl la reouvri nan peyi a. Se plis bandi ak gang li vle boujonnen nen sosyete ayisyèn nan ki fè lap kreye mwayen pou lekòl fèmen pou pitit peyizan yo toujou rete esklav boujwa san wont ak enperyalis sousèt yo.

Yo plede anfavè yon antant nasyonal ak tout aktè konsène yo pou peyi a jwenn yon alemyorasyon pou pèp la soti nan lamize, lavi chè, ensekirite òganize a. Yo kontinye mande pou tout bagay tounen nan nòmal yo, fòk pri wodwi premye nesesite yo desann pou fasilite paran yo voye pitit yo lekòl paske edikasyon se richès. Yo pap fèmen lekòl pou yo ouvri prizon. Vle pa vle fòk sa chanje!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.