Kòmantè sou rankont OEA, Pouvwa Ekzekitif la ak Opozisyon wan.

388

Bonjour,
Kafe sivik 9 jen 2021

Kolektivite Tèritoryal yo, Desantralizasyon ak Ròl Pati Politik yo

Kòmantè sou rankont OEA, Pouvwa Ekzekitif la ak Opozisyon wan.

Sa kap pase laa se yon batay pou pouvwa ak privilèj ant POUVWA ak OPOZISYON wan, se pa AFÈ PEYI ak KOLEKTIVITE TERITORYAL kap regle la.

Premye Kou Deta ki fèt nan peyi ya sou Manda Jovenel Moïse la, se 29 Senatè yo ak Prezidan Jovenel Moïse ki fè li kont KOLEKTIVITE TERITORYAL yo, kont 698 eli pou Asanble Minisipal.
Se Senatè yo ki te pran yon Rezolisyon 5 Jiyè 2017 pou te mande Prezidan pase KEP lòd pou kanpe Eleksyon ENDIRÈK yo.
Avèk OEA, se pa afè Peyi ya, se pa afè KOLEKTIVITE TERITORYAL kap defann, se afè separasyon pouvwa ak privilèj kap defann ant Opozisyon Reyaksyonè ak Prezidan Jovenel.
VRÈ PWOBLÈM PEYI YA, se SENATÈ YO AK PREZIDAN AN KI PA VLE DEMOKRASI PATISIPATIV AK ELEKSYON ENDIRÈK YO.
NAN NON 698 ELI ASANBLE MINISIPAL YO KI PAT JAN’M PRETE SÈMAN APRE ELEKSYON YO, MWEN MANDE POU 3 POUVWA YO yon JWENN YON AKÒ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO SOU REZOLISYON 5 JIYÈ 2017 ANVAN PWOJÈ LEA ELEKTORAL LA POU ELEKSYON KAP VINI YO.

Patriyotik salitasyon
Hérard LOUIS

Comments are closed.