Yon lòt malèz, yon lòt lanmò Gran Toryan nan PNH la

390

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon lòt kad nan PNH, Calito Alcy jwenn lanmò li yè samdi 6 jwen an nan depatman Nò a apwè yon malèz.

Enspektè Calito Alcy ki te responsab biwo depatmantal bwigad pwoteksyon pou ti inosan (BPM) nan Nò, tonbe nan moman plizyè lòt kad nan PNH la deja tonbe anba kovid-19 la, dapwè rapòtè PNH la, Michel-Ange Louis-Jeune.

Disparisyon Gran Toryan sa yo ki toujou okazyone avèk malèz venn kreye plis malèz sikolojik nan enstitisyon PNH la ki deja ap viv gwo laperèz.

Comments are closed.