Popilasyon Sidès la rele e bat tenèn dèyè minis Jistis la Rockfeller Vincent

452

06/01/2021

Jakmèl______(TRiboLAND) Se avèk gwo vag pwotestasyon ak kawoutchou flanm dife ke popilasyon Sidès la, patikilyèman vil Jakmèl resevwa vizit minis Jistis la, Rockfeller Vincent nan kad yon chita tande ak majistra Maky Kessa.

Enfòmasyon yo fè konnen te genyen gwo katchouboumbe ki eklate nan meri a, e bagay yo te vin dejenere lòske yon foul moun ki pa manyen anyen ki fwèt te kòmanse ap rele “Aba Referandòm pèdi tan” e erije barikad e menm bloke ak gwo kamyon plizyè ri nan Jakmèl jodi madi pwemye jwen 2021 an. Lapolis te tire anpil katouch yon fason pou te fasilite minis Rockfeller chape pou’l li ak tout delegasyon ki te akonpanye’l la.

Gen yon seri enfo ki ta fè eta de yon vizit ki te plis chita sou baz pwoblèm fonsyè; alòske yon seri lòt vèsyon fè eta de aranjman chofe jarèt ki tap fèt pou jete baz referandòm Jovenel Moise la nan Sidès peyi a.

Sitiyasyon panik ak tansyon dife volan sa nan Jakmèl ta sanble okazyone Biwo Elektoral Depatmantal la nan Jakmèl boule rapye tè anba kòlè yon gwoup moun nan popilasyon a ki ta sanble bay gwo defi a Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Antouka, sa ki sèten, Senatè Joseph Lambert te raple pwezidan defakto Jovenel Moise ke li pap kite oken enstalasyon biwo referandòm lòbèy fèt nan depatmanl lan.

Comments are closed.