Yon gwoup anplwayè fèmen Dirèksyon Depatmantal Agwikilti a pou 21 mwa aryere salè leta dwe yo

371

Pòdpè___(TRiboLAND) Yon gwoup anplwayè jodi jedi 4 jwen 2020 an, kanpe sou bengzeng yo devan Direksyon Depatman Agwikilti Nòdwès (DDANO) la pou mande Leta atoufè a peye yo 21 mwa aryre salè kanni ke yo dwe yo depi dig dantan.

Pwotestatè sa yo ki vle delivwe machandiz la sou plas san anba chal, ak teknik fèmen biwo, pankat ak pikèt nan anviwonnman biwo DDANO a, ouvwi baz la depi 8 tè nan maten e ki gen pou bout jiska 4 è nan apwè midi, dapwè sa yo klewonnen nan mikwo Marconi FM.

Anplwayè yo estime fwa sa yo pap nan tete lang ak responsab yo tankou direktè jeneral, minis ak pwezidan Jovenel Moise swadizan ki te deklare nan kanpay li ke li genyen yon aks pwensipal ki se agwikilti kòm chwal batay.

Pwotestatè yo ki pa sispann deklare: “Nou pa kapab ankò” e ki fwa sa pa nan fè bwi ak moute desann, rete sou plas ap bay payèt jiska fen joune a. Yo pwomèt pou pase yon lòt fè cho anplis si tout fwa responsab yo ta koutinye ap laloz nan trese lèl ak nan fabwike manti.

Nan mwens pase 24 èd tan plis pase 4 enstitisyon (DGI, Ministè Finans, Ministè Edikasyon e Ministè Akwikilti) arive fèmen nan Nòdwès sou foustrasyon anplwayè kap reklame aryere salè dig dantan ke gouvènman PHTK a refize peye yo.

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Comments are closed.