Nòdwès : Anplwaye TPTC yo an difikilte; anpil nan yo revoke san touche yon goud. Konsa travay konstriksyon sanse kanpe

1,155

08/10/2021

Nòdwès______(TRiboLAND) Plis pase yon 50 tèn anplwaye nan direksyon depatmantal Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (TPTC) nan Nòdwès, òganize, jounen madi 10 Out 2021 an, yon mouvman leve – kanpe kont desizyon direktè départemental enstitisyon sa a, enjenyè Angelot Horacius pran pou revoke ansuit ranplase yon latriye anplwàyè san l pa rive peye yo plis pase yon dizèn mwa travay.
Pwotestatè sa yo ki te ankolè pa t manke lanse pawòl piman bouk kont direktè Horacius ansanm ak enjenyè jeneral la ,msye Thélémaque Jean Enel, yo di ki pa sispann fè yo gwo abi ak lenjistis.

Sou miray enstitisyon sila a ak sou divès materyèl, anpil grafiti tankou : ABA enjenyè Thélémaque, ABA kòripsyon nan direksyon depatmantal TPTC/ TPTK Nòdwès, pandan yo mande pou genyen bonjan ankèt ki rive mennen sou jesyon aktyèl direktè a ,enjenyè Horacius Angelot yo di k ap benyen nan kòripsyon.

Pwotestatè yo te denonse tou movèz fwa ak mechanste direktè TPTC Nòdwès la , enjenyè Angelot Horacius, yo di ki voye yo al touche lajan travay yo devan Palè Nasyonal ak nan Ministè TPTC pandan li vini ak yon dividal moun peyi l (Okay nan Sid) ki pou ranplase yo nan travay la.

Nan moman n ap pale la, volim travay ki te antreprann atravè depatman Nòdwès la, sou pwezidans Jovenel Moïse la tankou : konstriksyon wout Kafou Jòf pase Gwomòn, Basen Ble pou rive Pòdpè; konstriksyon wout nan Banòdwès (Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola) sanse kanpe akoz gwo chire pit ki genyen ant anplwayè revoke yo ak aktwèl direktè TPTC branch Nòdwès la, enjenyè Angelot Horacius.

Comments are closed.