3 moun mouri e 7 lòt an malmakak ak agoni nan mòtel “Ti Niche” nan Delma 19

366
0
Share:
TRiboLAND

12/18/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yo dekouvri plizyè 3 kada san vi ak dives lòt moun kit e nan yon eta choke nan yon motel ki pote non “Ti Niche”nan Delma 19 jodi maten vandredi 18 desanm 2020 an daprè konsta jij depè.

Koz moun ki mouri yo kontinye ap ankete sou direksyon polis syantifik. Yo te jwen 2 nan mò nan yon machin nan lakou motel la;  e lòt la nan yon douch. Alòske sa yo kit e bay yon seri siyn detrès ak agoni te oblije transpòte lopital. Fas ak yon parèy sitiyasyon, otorite yo te prosede ak arestasyon propriyetè motel “Ti Niche” la pou plis eksplikasyon.

Nap raple moun ki mouri oubyen ki transpòte lopital yo pa subi oken frakti ou blesu. Sepandan, you sous ki porch motèl la ta fè eta de yon gaz ki fite.

kredi foto: Eddyson Devarain

Share:

Leave a reply