Lopital Sen Luk boure ra gagann, men genyen ase oksijènn

329

Pòtopwens____(TRiboLAND) Pi gwo sant tretman pou malad kovid-19 yo nan peyi a, Lopital Sen Luk ki boure ra gagann ak malad  anonse yon bonjan amelyorasyon nan pwoblèm oksijènn ki tap sakaje enstitisyon medikal la.

Selon alatèt Sen Luk la ki nan Tabar, Dr. Marc Edson Augustin ki tap rele 2 men nan tèt akoz karans oksijènn, konfime ke pwoblèm oksijènn nan espas pwiz anchaj pou malad kovid yo rezoud; sepandan kantite enfekte yo depase kapasite lopital la nèt ale.

Dr. Augustin ki tap bay garanti de yon seri mezi ki pral anpeche evantyèl karans oksijènn, dekri yon sitiyasyon entenab nan nivo inite pwiz anchaj la ki pa sispann boure avèk enfekte kovid-19.

Comments are closed.