Endonezi itilize yon teknik fantom pou konbat kowonaviris la

Share:
TRiboLAND

Kuala Lumpur, Endonezi____(TRiboLAND) Kowonaviris la tèlman ap bay pwoblèm nan monn lan, menm envokasyon fòs sunatirèl ou taktik zonbi plizyè kilti itilize pou konbat li.

Konsa, nan rejyon Kuala Lumpur nan Endonezi, kèk moun kopere avèk kèk otorite lokal pou ede moun rete lakay yo aswè. Yo degize an fantom yon fason pou fè popilasyon an pè e konsa yap kapab rete lakay yo.

Pwemye kote ki devlope yon parèy teknik se: munisipal Lil Java nan Endonezi. Avèk yon patwouy fantom, otorite yo arive enkane nan espwi sitwayen yo rezireksyon kò pwòch ou zanmi yo kit e mouri. Yo vlope nan yon dra blan ak figi poudre an blan; konsa, aparans yo fè moun pè e leve kouri.

Gen anpil lòt teknik ke lòt rejyon itilize tou pou ranfòse konfennman an tankou yon pwefekti fè pase yon dekrè kap pèmèt yo fèmen nan yon kay ante (zonbi) yon moun ki vyole règleman distansyasyon sosyàl yo. Sa se bèl kreyativite!

Share:

Leave a reply