Madanm polisye Minneapolis ke yo akize nan lanmò George Floyd la deside divòse ak pwezime asasen an

269
0
Share:
TRiboLAND

Minneapolis___(TRiboLAND) Madanm Derek Chauvin ki se polisye ke yo akize kòm asasinen ki gen pou wè avèk lanmò George Floyd, deside divòse ak mari li, dapwè avoka madanm nan.

“Aswè a, mwen te pale avèk Kellie Chauvin ansanm avèk fanmiy li. Li reyèlman pa konnen kote pou li mete kò li lè li aprann lanmò trajik George Floyd la; konsa, li voye senpati san rezèv, pou tout manm nan fanmiy Floyd ki afekte ak tout lòt moun kap kriye pandan trajedi sa. Mwen deside mete yon fwen nan maryaj mwen avèk Derek Chauvin,” dapwè yon nòt ki soti nan Biwo Avoka Sekula Vandredi swa nan Minneapolis.

Kellie Chauvin ki pat genyen petit avèk polisye pwezime kriminèl la, soupliye pou timoun ke li genyen nan pwemye maryaj li ansanm ak granparan ak tout kòt fanmiy la jwenn pwoteksyon ak sekirite pou vi pwive yo nan moman difisil sa.

Nap raple, Derek Chauvin te jwenn arestasyon e chaje kòm asasen apwè ke yon videyo tap montre fason ke li te mete jenou l sou kou yon nwa ameriken ki tap trepase malgre ke l te minote. Konsa, krim sa lakòz yon katafal vag pwotestasyon, vyolans ak piyaj deklenche nan diferan eta atravè Etazini tankou, Minneapolis, Atlanta, New York e latriye.

Share:

Leave a reply