Yon nouvo chèf gang enstale nan tèt baz 95 nan Petyonvil.

848


05 – 10 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Regwoupman gang “Viv Ansanm” fenk enstale yon endividi ki pote non T- Jacky Ensikoni nan tèt baz 95 nan zòn Petyonvil. T- Jacky ensikoni ranplase nan pòs sa a, T-Greg ki se te pwòp kouzin li.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, T- Jacky pral miltipliye estrateji pou li elaji tèrotwa li sou tout kapital la.

Pou batay kont estrateji nouvo chèf gang lan, plizyè sitwayen konsekan lanse yon apèl bay popilasyon an kap viv, Petyonvil, Wo Dèlma, Miso, Mòn Laza, poun site sa yo sèlman, pou rete vijilan fas ak nouvèl enstalasyon sila.

Comments are closed.