Mobilizasyon nan UPNOPP, etidyan yo leve kanpe pou mande respè dwa yo

157
0
Share:
TRiboLAND

05/20/2026

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Etidyan yo nan Université Publique du Nord-Ouest à Port-de-Paix, atravè sendika UNEH-UPD Branche Nord-Ouest, fè tande vwa yo jodi mèkredi 20 me 2026 la, pou mande otorite konsène yo pran responsabilite yo devan difikilte jèn inivèsitè yo ap fè fas chak jou. Nan yon seri revendikasyon yo prezante piblikman, etidyan yo mete aksan sou nesesite pou Leta kreye plis opòtinite estaj pou etidyan ki soti nan UPNOPP yo, yon fason pou fasilite entegrasyon yo nan lavi pwofesyonèl la.

Nan menm sans lan, etidyan yo mande nominasyon pou tout diplome ki soti nan fakilte Syans Edikasyon yo, paske daprè yo, anpil jèn fòme pandan plizyè ane rete san travay malgre bezwen ki egziste nan sistèm edikatif peyi a. Yo raple tou enpòtans aplikasyon sikilè 29 dawout 2019 la, ki te pran dispozisyon espesyal pou favorize entegrasyon pwofesyonèl etidyan ki soti nan inivèsite piblik yo, espesyalman sila yo ki gradye nan domèn ansèyman.

Responsab sendika a estime revendikasyon sa yo pa sèlman konsène etidyan UPNOPP yo, men yo antre nan batay pou valorizasyon fòmasyon akademik ak avni jèn yo nan peyi a. Yo lanse yon apèl bay otorite leta yo pou pran dosye sa yo oserye, pandan yo reyafime detèminasyon yo pou kontinye defann enterè etidyan yo nan Nòdwès la.

Share:

Leave a reply