Popilasyon Lyankou leve kanpe pou rele chalbarik dèyè ensekirite

229

01/04/21

Lyankou_____(TRiboLAND) Yon krèy sitwayen ki deklare ke yo fout bouke pran lari nan Lyankou, Latibonit pou foule beton an jodi lendi 4 janvye 2020 an pou denonse zak kriminèl bandi yo ki ensekirize peyi a. espesyàlman nan depaman Latibonit lan.

Manifestan yo denonse group gang ame sangwen ki rele Baz Gran Grif ki nan Tit Rivyè latibonit ki genyen Odma nan tèt li. Yo mande leta bay fòs sekirite yo nan rejyon an jarèt yon fason pou kapab reponn ak manche long superyè bandi sangwen yo ki deja komèt anpil krim takou, vyòl, vòl, anlèvman ak fiziyàd.

Manifestasyon denonsiyasyon group gang sangwen yo nan Lyankou te trè sivilize; li dure 2 èdtan e li pase san derapaj.

Comments are closed.