Yon kout loray okazyone dife nan plizyè machenn ak chaloup nan Pò Sen Mak la

468

Sen Mak___(TRiboLAND) 2 Chaloup, yon kamyon ak 4 machenn ki arive bwile rapyetè apwè ke yon gwo kout loray kale tonbe e koze gwo dife nan dwann komèsyal Sen Mak la, nan Latibonit, Mèkredi 27 me 2020 an ozanviwon 8 è diswa.

 Selon kèk temwen yon pwemye machenn ta pran nan dife loray la e te kòmanse ap bay pa yèt jiskaske li fè chemen l sou yon kamyon, twa lòt machenn ak 2 chaloup ki konsome kankannen.

Malgre entèvansyon otorite yo ak ponpye, sa pat anpeche enòmite dega yo ki pa gen pou wè ak lavi moun.

Comments are closed.