Kowonaviris: Yon atizan Florid fabwike mas ak po koulèv ou mabouya

198
0
Share:
TRiboLAND

Delray Beach, Florid____(TRiboLAND) Tout kote moun pase se mas pwoteksyon pou batay ak kovid-19 la; sepandan tout mas se mas, tout mas pa menm! Brian Wood se non yon atizan ki ale pi lwen avèk kreyativite li nan fabwike mas pwoteksyon pou kovid-19 la.

Wood ki gen atelye li nan Delray Beach nan Eta Florid antre nan mache mas pwoteksyon an avèk po koulèv e mabouya, 2 zannimo egzotik ki peple tankou cheni nan eta solèy la. “Mwen transfòme yon bagay enpòtan nan yon style bèl mòd”, dapwè Wood ki tap pale ak la pwès an atelye li nan Dania Beach nan Hollywood, Florida. Li pwodwi anpil bagay avèk po gwo poban koulèv ak mabouya. Li deside entwodwi egalman mas pwoteksyon pèsonalize ke yo rele “mas reptilyen”.

Mas sa yo ki genyen yon seri ti twou respiratwa ki barikade ak yon supè filtè zewo pas patou ki kapab anpeche penetrasyon  sistematikman viris la.  Bèl pa se yo pa genyen! Wood itilize gwo gwo “boa” ke Amy Siewe ki se yon chase koulèv toujou pote pou li. Fabwikatè mas reptilyen an pwodwi trè bèl mas an koulè varye; li vann yo sou page Facebook li $90 linite.

kredi foto: © AFP/CHANDAN KHANNA

Share:

Leave a reply