Vòlè ap kòche zannimo peyizan yo nan 4èm seksyon kominal Jeremi : Kazèk Baptiste Mirtha mande konkou lapolis

929

05 – 04 – 2024

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Mirtha Baptiste, kòdonatris Kazèk 4èm seksyon kominal Jeremi an, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse yon gwoup nèg ak zam ki pwan plezi yo, lajounen kou lannwit, mache vòlè ak kòche bèf, kabwit peyizan yo, e yo pote ale sa yo jwenn nan jaden yo.

Fas ak pwoblèm ensekirite jeneralize sila, ki blayi kò l nan Latibolyè 4èm seksyon kominal Jeremi an, Kazèk Mirtha Baptiste mande otorite polisyè yo, mete yon sou komisarya nan seksyon an, yon fason pou garanti sekirite, plis pase kenz mil peyizan ki lage de bwa balanse.

Comments are closed.