TRiboLAND reyisi premyè jounen fòmasyon li sou fabrikasyon pwodwi chimik nan lokalite Mòn Kayo.

2,004

08-11-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te prevwa, nan kalandriye direksyon jounal TRiBOLAND, pou jounen jedi 11 ak vandredi 12 dawout 2022 a, yon premyè jounen deja reyisit ak plis pase 64 patisipan nan lokalite Mòn kayo, 3e seksyon Polen/Lakòn, komin Pòdpè.

Patisipan yo, kite sòti nan tout ti kwen nan seksyon kominal sila, te anpenpan pou te vin resevwa fòmasyon an kap gen pou dire 2 jou.

Li enpòtan pou konnen, seri fòmasyon sa yo rive òganize nan lide pou kanpe goumen kont fenomèn banditism l’an ak ensekirite alimantè a kap taye banda nan depatman nòdwès la, patikilyèman nan komin Pòdpè.

Comments are closed.