Majò Fòs Ame Dayiti, Jean Claude Duperval mouri

570

TRiboLAND Sekretè Fòs Ame Dayiti a, nan yon nòt ke li fè sòti yè Vandredi 22 me 2020 an, anonse lanmò Majò Jeneral demobilize, Jean Claude Duperval. Majò a mouri yè Jedi 21 me a anndan lakay li apwè li te malad.

Jean Claude Duperval te fè pati 17èm pwomonsyon (1971-1974) “Jean Claude Duvalier” ki te konstitye 48 kadè dapwè nòt sekretè FADH la ki pwezante kondòleyans li bay fanmiy regrete a san bliye fanmiy militè a ki koulya nan dèy tou.

Majò Jeneral Jean Claude Duperval te genyen 73 lane. Li te nan tèt Lame peyi Dayiti a pou yon ti bout tan sou okipasyon amerikènn. Nan lane 2004 li jwenn arestasyon li nan Orlando, Florid anba yon manda ki te deklare l kòm moun ki enplike nan youn nan tèrib masak nan istwa peyi Dayiti. Yon masak ki te okazyone lanmò 26 moun nan Raboto, Gonaive nan lane 1994.

Comments are closed.