Bristol: Yon estatu yon negosyan esklav deboulonnen e jete nan dlo

304

Bristol___(TRiboLAND) Nan manif avèk mouvman branch britanik pou Black Lives Matter e ki regwoupe plizyè milye moun, estatu Edward Colston arive deboulonnen dimanch lan nan Bristol.

Estatu sa ki te selebwe memwa negosyan sa nan lane (1636-1721) nan vil marasa Bòdo te deraye e trennen jis nan yon kanal e lage nan dlo.

Memwa Edward Colston te fè objè yon polemik ansyen nan Bristol. Yon kote, yo te selebwe yon latriye zèv karitativ oubyen filantwopik ke li te inisye (lekòl, òfelina, lopital…) e tout sa yo te fasilite ke yo erije yon estatu an bwonz pou li nan lane 1895, nan youn nan avni nan vil la.

Yon lòt bò, moun pa inyore ke negosyan an te konplètman fè fòtenn li nan trafik esklav. Konsa, Bristol te youn pami pò pwensipal Anglè yo kote ki tap pwatike komès triyangilè. Bato Edward Colston yo te toujou ap transpòte plizyè dizènn milye esklav ki te soti Afwik pou antre nan Amerik.

Comments are closed.