Adbelem ak Asanble Dedye Betleyèm Ministè nan vil Jeremi, òganize yon seremoni gradyasyon pou 11 evanjelis.

01- 27 – 2025
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou tande manm kominote a e bay sak pi fèb yo bonjan ankadreman, pandan yap resevwa pawòl Bon Dye lavi a, Asanble Dedye Betleyèm Ministè nan Jeremi ak òganizasyon Adbelem, òganize yon gro kòkenchenn sòlòkòtò nan kad gradyasyon pou 11 evanjelis jènn fanm ak jènn gason, ki genyen pou misyon pote pawòl la bay sosyete ayisyènn lan.
Direktris Misyon Asanble Dedye Betleyèm Ministè a, miss Edmonde Berthomieux nan omeli sikonstans lan, fè konen peyi Dayiti an detrès. Li fè konprann ke majorite manm nan sosyete a soufri maladi avègleman mental, fizik, e menm espirityèl.
Konsa, evanjelis Edmonde Berthomieux, ankouraje jènn sila yo pou rete nan pwensip levanjil Bondye a.







It is actually a great and helpful piece of info. I’m satisfied that you shared this helpful information with us. Please stay us up to date like this. Thanks for sharing.