Fowòm sendika transpòtè ak travayè Nòdwès yo òganize “Kozri Manman” avèk divès fanm

1,324

05-28-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Dimanch 28 me 2023, se dènye dimanch nan mwa me ki toujou rezè pou onore tout manman. Fowòm Sendika Transpòtè ak Travayè Nòdwès yo òganize yon chita pale ak divès fanm ki se madanm ak fanmiy chofè ak travayè ki fè pati fowòm lan. Yon aktivite ki planifye touswit aprè responsab sendika yo te aksepte dekonsè ak tout medam yo, yon group fanm ki gen nan tèt li Madam Ariane.

Aktivite sa ki batize ” Kozri manman”, fèt nan lokal Lise Stenio Vincent, zòn 3 Rivyè, Pòdpè; se egalman syèj sosyal fowòm sendika a. Aktivite sila te kòmanse avèk Pastè Inel Jean, ki te bay manman yo beniksyon ak fè yon ti tan pale ak manman yo pou moutre enpòtans yo nan fanmiy yo.

Marcel Similien, ki se yo grantoryan yon parèy mouvman sendikalis, te kontinye pou pale ak manman yo, li te atire atansyon yo kòm fanm vanyan yon fason pou yo sispann fè refleksyon ki genyen pou wè ak attire povrete. Manman yo se veritab motè fanmiy yo, kouraj manman yo gen gwo enpak nan bon fonksyonman fwaye yo. Li kontinye pou’l di, anpil fwa gen manman ki jwe doub wòl (manman ak papa) nan lavi timoun yo.

Group fanm sa anndan fowòm lan, se bwa dèyè bannann tout mesye yo, ki gen divès pwojè anndan fowòm nan, tankou: mete soupye mityèl kap pèmèt manman yo kreye aktivite pou kontinye soutni fanmiy lan.

Comments are closed.