Kovid-19: Madagaska deside ede Ayiti ak CovidOrganics

391

Apwè ke li ede Senegal, Gambi, Gine Ekwatoryàl ak divès lòt, Andry Rajoelina pwezidan Madagaska a pwomèt pou li kopere avèk peyi Dayiti non sèlman pou ede pwemye repiblik nwa endepandan an konbat kowonaviris la avèk CovidOrganics (CVO), men tou mete komite siyantifik lakay li an kontak avèk selil siyantifik peyi Dayiti yo.

Tankou jan sa te pwevwa, Pwezidan peyi Dayiti a, Jovenel Moise te rankontre avèk monològ li Pwezidan malgach la Andry Rajoelina atravè yon vizyon-konferans Madi ki te 19 me 2020 an.

Nan visit vityèl sa, pwezidan ayisyen an te felisite pwesidan malgach pou fason ke li leve tèt Afwik atravè pwezantasyon pwodwi CVO a, tizann tradisyonèl amwaz ki enpoze yon efikasite enpwesiv ki konbat kowonaviris la.

Akote diskisyon sou rezilta pwevantif ak kiratif, diskisyon yo te chita egalman sou devlopman relasyon Afwik-Karaib nan kad koperasyon Sid-sid.

Comments are closed.