Yon mach prevwa òganize nan komin Wanament pou di aba lavi chè

1,477

07-17-2022

Wanament, Ayiti______(TRIboLAND) Depi kèk jou divès ri bloke nan vil Wanament nan lide pou di aba lavi chè kap fini ak sitwàyen yo atravè repiblik la..

Nan mitan yon ri, mount e kapab obsève yon mesaj sou yon pankat endike yon envitasyon kote ke òganizatè yo parèy mounvman mande tout moun rete lakay yo yon fason pou proteste kont grangou ak lavi chè a.

Yon galon gaz ap vann 1500 goud kote pwodwi nesesite yo pa sispann moute balkon. Ou ap bezwen 260 goud pou yon 100 peso domiken e 130 goud pou yon dola ameriken.

Barikad wòch tout kalite deja bare lari a soti Gaya ri Libète, ri Valyè pou kapab anonse mach sila kap òganize demen lendi 18 jiyè 2022 a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.