Imigran ayisyen nan Etazini pote yon ka kòripsyon devan Kou Dapèl apwè ke yon jij te rejte ka ki gen pou wè ak Digicel e lòt

0 361

New York____(TRiboLAND Yon gwoup ayisyen te solisite yon apèl kont yon yon desizyon yon jij nan New York te pran mwa pase a, pou li voye jete yon 1.5 milya dola € pwosè pou kòripsyon kont yon kantite politisyen ayisyen ak konpayi tankou Digicel ak Telco Denis O’Brien.

Nan ka sa ki te rejte, plenyan ayisyen-ameriken yo te akize Digicel ansanm ak plizyè lòt konpayi ki nan kòkòday ak politisyen kòwonpi nan peyi Dayiti, pami yo ou jwenn ansyen pwezidan Michel “Sweet Micky” Martelly, pou kòripsyon e fwod nan kolekte revni sou apèl telefònn ak transfè lajan ki te sipoze dispoze pou ranfòse sistèm edikasyon an nan peyi Dayiti. Gwoup plenyan yo akize egalman antite kòriptè sa yo kòm moun ki detounen yon katafal lajan ki pèmèt yap mennen yon vi paradi ak gaspiyaj sou ren do malere ayisyen kap bourike deyò peyi a.

Digicel ki te genyen men l tranpe nan fikse pwòp pwi li nan tranzaksyon yo, te toujou deklare ke li pat fè anyen anòmal ou mechan. Lòt defandan nan ka a gen pou wè avèk Michel Martelly, Natcom, avèk 3 lòt konpayi transfè lajan tankou Western Union.

Kidonk, tribinal New York la te voye ka a jete apwè ke li te admèt avèk defandan yo ke tribinal la pa genyen jiridiksyon pou l ta menm tande yo dapwè jan sa ye ekri nan “regleman doctrinal eta a”, ki endike ke yon tribinal peyi Etazini pa kapab pouswiv desizyon yon gouvènman etranje.

Antouka, defandan yo depi lè a te ale devan Kou Dapèl Etazini ak ka a; menm Kou Apèl mande yo semènn pase a, pou yo soumèt lòt dokiman akoz divès erè ak lòt bagay ki te manke.

Leave A Reply