Ogmantasyon enfeksyon kovid-19 la an Afwik ekyete OMS

0 348

Nawobi____(TRiboLAND) Monte 43% kantite enfeksyon kovid-19 nan peyi Afwik nan yon entèval yon semènn sèlman enkyete jodia Òganizasyon Mondyàl Sante (OMS).

Ekspè antite ONU yo konsidere ke Kontinan an ki loje plis pase yon milya 300 milyon moun, kapab venn pwochen episant pandemi an, yon plas ke peyi Etazini okipe nan moman sa.

John Nkengasong ki se direktè pou Centre de Prévention et de Contrôle des maladies (CPCE) pou Afwik la, pa sispann voye avètisman san rete. Li soulinye ke kontinan te gen posiblite trè limite e menm deja depase depistaj enfeksyon yo. Nan sans sa, li deklare e rete kwè rapò responsab CPCE te enferyè pa rapò chif efektif yo.

Sa gen kèk jou, OMS avèti ke Kovid-19 la kapab lakòz jiska 300 mil moun mouri an Afwik e lage plis pase 30 milyon moun nan povwete enkwayab, men li estime ke kontinan kapab evite katastwòf sa si tout fwa yo entansifye analiz yo e swiv sous kontajyon yo.

Kè sote OMS yo chita sou yon grenn bagay: volim analiz ki fèt sou kontinan kont pandemi depi 2 mwa mwens ke 500 mil sèlman, swa pou chak milyon moun ou genyen 325.

Leave A Reply