Pwezidan FHF, Yves Jean-Bart depoze yon plent kont X nan tribinal Kwadèboukè

0 359

Kwadèboukè____(TRiboLAND) Pandan ke li envite pou li ale reponn kesyon Pakè Tribinal sivil Kwadèboukè a Jedi kap vini la, Pwezidan Féderation Haitienne de Football la, Yves Jean-Bart alyas “Dadou” te akonpanye Avoka li Mèt Stanley Gaston, jodi 11 Me 2020 an nan depozisyon yon plent kont X nan tribinal pwemye enstans Kwadèboukè a.

Plent sa ki te ale jwenn grefye tribinal la, gen pou wè avèk yon latriye konplent tankou: difamasyon, malvèsasyon, asasinaj karaktè, medizans mal palan ak lòt.

Leave A Reply