Asistan pèsonèl Ivanka, pitit fi pwezidan Etazini an enfekte anba kowonaviris la

0 359

Asistan pèsonèl Ivanka, pitit fi pwezidan Etazini an teste pozitif pou kowonaviris la, dapwè sa medya Etazini yo rapòte. Selon yon sous anonim, CNN rapòte ke asistan an, ki travay nan kapasite pèsonèl pou Ivanka, pat janm nan antouraj pitit fi a depi plizyè semènn.

Konsa, nouvèl la tonbe egzakteman nan menm jou pòtpawòl Vis-Pwezidan Etazini an Mike Pence, Katie Miller, te konfime ke li enfekte avèk viris la.

Nan sa ki gen pou wè avèk divès nèvwozite kap degaje sou transmisyon viris kontajyezla la pami pi gwo ofisyèl nan administrasyon an, Sekretè kominikasyon Maison Blanche, Kayleigh McEnany esplike yè Vandredi a nan yon pwen pwès ke divès mezi pran pou anpeche viris la pwopaje nan mitan staff la.

Ivanka ansanm ak mari li Jared Kushner, yo tou 2 ki se 2 gwo konseye pwezidan Donald Trump, teste negatif pou viris la.

Sepandan, pwezidan Trump avèk vis-pwezidan Pence, yo tou 2 teste negatif yè Jedi a; konsa, yè Vandredi a li deklare ke li pat panike, li kontinye pou li di ke “gen anpil mezi pwekosyon” ki pran nan Maison Blanche. Li di repòtè yo nan Jedi ke li kapab menm teste chak jou pou kowonaviris la!

kredi imaj: Nexu: science communication

Leave A Reply