Mali: trajik aksidan domestik foutbolè Adama Koné

0 535

Bamako____(TRiboLAND) Tout popilasyon Mali te nan chòk lè yo te aprann lanmò subit Adama Koné Jedi 7 Me 2020 an. Atakan malyen an mouri, dapwè enfòmasyon yo nan elektwokisyon lakay li.

Si tout piblik Afwiken an pat konnen li, Adama Koné te yon pwa lou pou foutbòl Burkina Faso a. Pwesizeman pou klub Rahimo FC ki li te ede pran yon doub Koup-Chanpyona sezon pase a.

Dapwè enfòmasyon bò kote fanmiy Koné, atakan an mouri nan kouran pandan li tap eseye debwanche telefònn li nan yon pwiz elektrik.

Li enpòtan pou note, imedyatman apwè gwo eksplwa nan Burkina Faso, Koné te rejwenn Autrich pou sezon sa.

Leave A Reply